13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

ZEWO TOLERANS POU KRIM VYOLAN KI FÈT NAN LEKÒL YO, KONSÈYADMINISTRASYON LEKÒL LA(Lekòl Elemantè, Lekòl Mwayen, Lekòl Segondè, Post Segondè A.C.E.)Konsèy Administrasyon Lekòl Collier County-a kwè ke li esansyèl pou lekòl yo depouye yo de toutdanje e pou yo gen lòd ak disiplin yon fason pou yo kapab founi yon anviwonman kote moun kapabpran pen lenstriksyon ak ansèyman akademik ak kè poze. Plis ankò, Administrasyon Lekòl la kwèke lekòl yo dwe pèmèt yon anviwonman ki san vyolans, ki san dwòg e ki pwoteje sante, sekirite akdwa sivil etidyan yo. Kwayans sa-a apiye sou tout moun ki gen yon wòl pou jwe, san konte etidyanyo ak paran yo, pou yo asime yon responsabilite pèsonèl pou atenn bi sa-a. Byen ke edikasyon akprevansyon se mwayen ki pi prefere pou rive gen yon lekòl ki an sekirite, Fòk gen yon deklarasyonklè sou politik ki di ke nou pap pèmèt gen vyolans ak dwòg ki anrejistre nan lekòl yo. Pa konsekan,Administrasyon Lekòl Collier County-a mete sou pye yon politik tolerans zewo kont vyolans, krim,ak itilizasyon oubyen posesyon sibstans oubyen zam ki gen pou bi pou anjandre vyolans ak krim nanlekòl la. Règleman sa a ekzije pou Direktè lekòl yo:(A) enpoze kòm konsekans zak sa yo sanksyon ki pi sevè-a ke yo jwenn nan Kòd (F.S. 1006.07)lè yo ap aji ak etidyan ki angaje yo nan zak kriminèl vyolan sou pwopriyete lekòl la, nantranspòtasyon ki sou kont lekòl la, oubyen pandan aktivite ke lekòl la òganize;(B) avize ajan lokal ki la pou fè respekte la lwa (polis) lè yon granmoun oubyen yon etidyankomèt youn nan dezòd nou pra-l endike la yo sou pwopriyete lekòl la, nan transpòtasyon kisou kont lekòl la, oubyen nan aktivite ke lekòl la organize oubyen ki gaye menas vyolanssou pwopriyete lekòl la;(C) adopte yon pwosesis pou fasilite yon kominikasyon ak yon koperasyon aktif ant lekòl yo akajan polis yo, Depatman Sante ak Sèvis Reyabilitasyon yo, ak Depatman Jistis Jivenil nanpataje enfòmasyon ki ap ede ofisyèl lekòl yo pran ddesizyon ki meyè nan sa ki konsènesèvis edikasyonèl ak plasman etidyan yo;(D) asiste pwofesè yo ak lòt pèsonèl lekòl la, avèk règleman ak Kòd Administrasyon Lekòl yo,pou yo kapab deside yon fason efktif lè yo an afè avèk jèn ki vyolan e ki ap deranje bònmach lekòl la.Nou mete zak malonèt sa yo, ki pa gen limit, nan Kòd la pou asire ke elèv yo jwenn ki komèt zakmalonèt sa yo sou pwopriyete lekòl la, nan transpòtasyon ki sou kont lekòl la, oubyen pandan yonaktivite ki sou patwonaj lekòl la pral sibi konsekans ki pi sevè yo ki nan règleman KonsèyAdministrasyon Lekòl la. Lis sa a pa fin konplè.(A) Atak seksyèl;(B) Vòl a rmen ame;(C) Zak ak abi grav;(D) Zak ak abi grav kont yon pwofesè oubyen lòt pèsonèl lekòl la;(E) Kidnapping oubyen anlèvman;(F) Ensandi kriminèl;(G) Posesyon, itilizasyon, oubyen vant nenpòt zam osnon zam a fe;(H) Posesyon, itilizasyon, oubyen vant kèlkeswa materyèl eksplozif la;(I) Vyolasyon ki konsène sibtans ke Règleman 6 la kouvri;(J) Bay lòt timoun brimad, fè arasman fizik, vèbal ou ekri; ki defini kòm yonaksyon ki gen yon lòt entansyon dèyè li epi ki annwiyan oubyen ki vletwouble la pè yon lòt etidyan ou manb pèsonèl yo aprè avètisman.(K) Aktivite ki gen relasyon ak gang oubyen manb sosyete sekrè;(L) Menas bonb oubyen menas ki pou simaye vyolans; oubyen(M) Lòt zak vyolans.10 Kód Kondwit

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!