13.07.2015 Views

kod kondwit

kod kondwit

kod kondwit

SHOW MORE
SHOW LESS

Create successful ePaper yourself

Turn your PDF publications into a flip-book with our unique Google optimized e-Paper software.

Sispansyon andedan lekòl la vle di yo ap retire elèv la nan pwogram regilye lekòl la epi mete linan yon pwogram altènatif. Sispansyon andeyò lekòl la defini kòm pou retire elèv la nan lekòl laak nan tout aktivite lekòl la san mete kòmansman ekzèsis yo sou kote.(A) Gen yon reyinyon enfòmèl ki pra-l òganize avèk direktè-a, direktè adjwen-an oubyenyon lòt responsab kote etidyan-an pra-l resevwa enfòmasyon espesifik sou règleman keli vyole-a, non moun ki temwen zak li fè yo, yon rezime tou kout sou fè ki sipòteakizasyon yo epi ba li chans pou li defann tèt li.(B) Si yo sispann elèv la andedan lekòl la, yo dwe fè tout mwayen posib pou kontakte paranoubyen moun ki responsab elèv la pa telefòn menm jou ke yo pran sanksyon-an.Sispansyon sa-a dwe kòmanse menm jou sa-a oubyen jou ki vini apre-a. Yo ap bayetidyan-an yon avi pa ekri pou li bay paran li oubyen lòt moun ki responsab li-a menmjou sanksyon-an osnon yo ap voye yon lòt kopi pa lapòs nan espas 24è. Yo sipozekontakte paran elèv la chak fwa yo sispann li andedan lekòl la pou yon peryòd ki ap dire4 jou ou plis, oubyen sou dezyèm sanksyon konsa ke yo pran kont etidyan-an nan menmane lekòl la. Paran-an gen dwa pou li ale konteste sanksyon-an devan Direktè lekòl la.(C) Si yo mete timoun nan deyò lekòl la oubyen yo plase li nan pwogram Enhanced ASSISTla, yo dwe kontakte pran li oubyen moun ki responsab li a pi vit ke posib. Yo dwe fè toutefò posib pou pale avèk paran timoun nan oubyen nan telefòn oubyen fas-a-fas. Yo dwebay etidyan-an yon kopi fòm Sispansyon andeyò lekòl la oubyen Enhanced ASSIST lapou li bay paran li oubyen lòt moun ki responsab li-a menm jou sanksyon-an kòmanse-aosnon yo ap voye yon lòt kopi pa lapòs nan espas 24è. Paran-an oubyen responsab lagen dwa pou li konteste sanksyon-an devan Direktè lekòl la.Yon paran gen dwa pou li fè yon lòt moun akonpanye li pou li kapab kominike avèk pèsonèllekòl la, nan nenpòt reyinyon ki konsène disiplin etidyan-an.Otorite: F.S. 1006.07 1006.09EKSPILSYONDirektè lekòl la dwe òganize yon reyinyon enfòmèl ki pa long aprè li fin voye yon avi bay elèv la akparan li, pandan peryòd sispansyon-an, pou li kapab konsidere si wi ou non li ap rekòmande metetimoun nan deyò lekòl la. Etidyan-an, paran li, responsab li, tradiktè avèk avoka li kapab asistereyinyon sa-a. Direktè-a oubyen yon lòt otorite responsab dwe rekòmande bay Sipèentandan-annenpòt desizyon yo pran pou mete yon etidyan deyò lekòl la akoz li komèt yon zak malonèt, ki enkliladan dezobeyisans entansyone, deside pou defye otorite yon manb pèsonèl lekòl la, fè zak vyolanskont yon moun oubyen yon pwopriyete, oubyen nenpòt lòt zak ki gen pou entansyon deranje lòd kirenye nan lekòl la tankou pa ekzanp menas pou domaje kò oubyen fizik yon moun seryezman.Sipèentandan-an oubyen yon lòt otorite responsab kapab deside plase etidyan-an nan yon pwogramaltènatif ki rele Phoenix olye pou li voye li al chita lakay li.Mete yon elèv deyò dwe defini tankou yon aksyon pou anpeche ke elèv la vini nan lekòl la pou pliske dis (10) jou oubyen separe elèv la de sistèm lekòl la avèk desizyon direktè-a ak KonsèyAdministrasyon lekòl la, pou yon peryòd ki pa dwe depase rès ane lekòl la ak yon lòt ane ankò pouelèv ki poze zak ki pi grav yo. Sepandan, yon elèv ki enplike nan zak vyolans, atak fizik ou atakvyolan ilegal, oubyen ki nan vann dwòg e/ou ankò ki posede/ki ap itilize zam ki pa tire bal (jan sadekri nan Kòd sou Kondwit Etidyan yo) elèv sa-a, yo dwe repòte-l bay direktè lekòl la ki pou mete-ldeyò pou o mwen rès semès ki rete-a plis yon lòt semès ankò jan sa endike nan Ekzijans Atik souyon Lekòl san Zam, ki di ke “si yo jwenn yon elèv avèk oubyen ap itilize yo zam a fe, yo sipoze meteelèv sa-a deyò lekòl la imedyatman pou tout rès ane-a ki kòmanse apati moman KonsèyAdministrasyon Lekòl la pran desizyon pou mete-l deyò-a.” Se Konsèy Administrasyon lekòl la kipou deside mete timoun nan deyò sou rekòmandasyon direktè lekòl la ak Sipèentandan-an.Kód Kondwit 77

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!