layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010 layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

bonnouvel.org
from bonnouvel.org More from this publisher
05.05.2015 Views

Spesyal diskou prezidan an Gen lòt sektè ki kapab kreye richès, ki kapab pèmèt nou ranfòse endepandans ekonomik nou. Youn ladan yo se touris. Touris lokal la kòmanse avèk sekirite a. Anpil moun nanpeyi a al an pwovens kouliyeya. Anpil Ayisyen k ap viv lòtbò dlo anvi tounen lakay yo pou fèt patronal, vin fè vakans. Se yon aktivite ki ka pote kòb anndan peyi a. Avèk sekirite a ki retounen, wout k ap fèt, nou kòmanse wè aktivite touris swa lokal, swa dyaspora kòmanse pran jarèt. Nan wout k ap fèt jounen jodiya, nou kapab site pa ekzanp: - Wout Sid la ki soti Pòtoprens depase Okay, rive Pòsali e k ap kontinye; - Wout Platosantral ki rive Mibalè , y ap travay kouliye a sou wout Mibalè-Ench, nou gen tan jwenn finansman pou Ench-Okap la; - Wout Okay-Jeremi an pral kòmanse nan mwa jiyè k ap vini la a; - Wout Nasyonal Nº1 an ap refèt, fòk nou jwenn resous pou nou fè Senmak jis Okap; - Pou nou chèche resous tou pou n fè wout Gwomòn-Pòdpè; - Epi wout Miragwàn-Titwoudenip. Wout sa yo ap koute anpil kòb. Men annatandan, CNE ki remete kanpe kòmanse bay gwo bourad nan fè wout, kanal irigasyon, pwoteje tè peyizan kont inondasyon. Pou tout devlopman sa yo fèt, fòk gen kouran anndan peyi a. Leta fè efò mete plis pase 60 megawat kouran anplis nan peyi a. Nou wè sa nan Pòtoprens, nou wè sa Okap, nou wè sa Gonayiv, nou wè sa Okay. Men, gen yon lòd ki pou mete nan zafè kouran an. Leta pa ka kontinye ap pwodui kouran pi chè pase jan l ap vann kouran an. EDH pa ka kontinye pa touche plis pase 50% kouran li pwodwi a. EDH jwenn yon sibvansyon plis pase 100 milyon dola nan men leta ayisyen. Fòk nou met yon lòd pou nou kapab rekipere 100 milyon dola sa a. Ak 100 milyon dola sa a nou ka fè lekòl, nou ka fè sant sante, nou ka fè wout, san nou pa nan tanpri souple. Fòk nou met lòd, fòk nou serye, E, se nan met lòd nan jesyon finansyè peyi a, kominote entènasyonal la, enstitisyon finansyè avèk peyi etranje nou te dwe, nan mwa jiyè k ap vin la a, ap efase dèt Ayiti pou plis pase yon milya dola, paske nou gen lòd. Efasman dèt sa a ap fè gen plis pase 50 milyon dola Ayiti pap peye ankò pou dèt li. 100 milyon EDH, 50 milyon dola dèt nou pap peye paske nou serye, se yon ekzanp sa nou kapab fè pou nou pa nan tanpri souple ankò. Pèp Ayisyen, nan selebrasyon fèt drapo nou an, nou pap kapab ap sonje sèlman sa k te pase lontan. Se vre, nou fyè anpil pou kouraj ak volonte zansèt nou yo te genyen, pou viktwa san parèy sa a yo te ranpòte a. Men tou, fòk nou sèvi ak egzanp yo ban nou an, pou nou chèche chemen k ap pèmèt nou soti nan sitiyasyon kote nou pa genyen ase endepandans ekonomik. Nou deja sou wout la, jan m sot di sa. Ilsifi nou kontinye chita pale antre nou, ilsifi nou fè efò pou estabilite sa a, sekirite sa a nou kenbe l, nan bay travay, nan mete wout, nan bay elektrisite, nan mete plis lòd toujou nan jan Leta ap depanse lajan. Fòk nou fè efò tou pou gen kontinyite. Fòk nou fè efò pou CNE pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt CNE; pou Sèvis Plis pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt Sèvis Plis. Fòk nou fè efò pou wout n ap konstwi yo, pou nou kenbe yo, fè antretyen yo tout tan pou se pa toujou rekòmanse chak ane. Jodi a, Pèp Ayisyen, pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay endepandans ekonomik peyi nou an tout chans li. Pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay batay pou devlopman ekonomik peyi a tout chans li, nan chita pale, nan dyalòg. Mwen di nou mèsi anpil. 6 Bon Nouvèl Jen 2009

konnen peyi ou Mibalè Nan Mibalè, kouran elektrik agogo 24 sou 24 toulèjou. Dlo pasi pala. Sa ki diferan nan lòt vil ki nan peyi a. Men privilèj sa yo pa sifi pou atire envestisè vin tabli biznis ki ka kreye travay an favè popilasyon an nan komin sila a. Ale nan vil Mibalè lajounen jodiya pa dekouraje moun ankò. Wout la pa bay kè sote menm jan sa te konn fèt lontan nan zòn Mòn Kabrit. Nan dat 4 avril 2006 la gouvènman tranzisyon an te siyen kontra ak konpayi ELSAMEX pou te konstwi wout la. Yon travay ki fèt selon konsta Bon nouvèl nan yon virewon lite fè nan zòn nan Kout pye nan Mibalè Soti Pòtoprens pou ale Mibalè, yon moun ap pran anviwon in è d tan. Wout la degaje, pa gen blokis, epi ou ap woule nan ladoudous. Mibalè se yon ansyèn vil kolonyal ki fonde nan lane 1702 konsa. Mibalè plase nan mitan depatman Sant la Li fonksyone tankou yon sant vre. Paske li relye ak tout rès Plato Posibilite san mwayen! santral la, men tou li bay ouvèti sou depatman Nò, depatman Latibonit ak depatman Lwès. Mibalè ki gen yon distans anviwon swasant kilomèt parapò ak kapital la, se komin ki pi peple nan Plato Santral. Li gen pou kont li, 115 mil kretyen k ap viv ladan l si nou ka kwè deklarasyon prezidan konsèy kominal la Lagè Locha (Laguerre Lochard). Sitiyasyon sa a, se rezilta ekzòd riral komin nan sibi. Peyizan yo kite mòn pou vin tabli nan vil la. Kòm yo pa gen kay, ni fanmi nan vil la, se pa etonan pou jwenn pami moun vini yo k ap dòmi nan lari. «Kategori sa a reskonsab move imaj lamizè ak mandisite etranje genyen sou komin nan», selon deklarasyon Lagè Locha. Nou jwenn kat seksyon kominal nan Mibalè: Gaskòy, Krèt Brile, Sarazin, Gran Boukan. Sen patwon zòn nan se Sen Lwi yo fete 25 dawou chak ane. Gen anpil pyebwa k ap koupe nan komin Mibalè. Se prèske chak jou Bondye mete, gwo kamyon chabon ap vin debake ) nan kapital la. Mibalè ak Lagonav se prensipal komin k ap founen chabon bwa nan kapital la. Selon yon notè nan zòn nan ki rele Jil Eli Boskè (Jules Elie Bosquet), «Gen travay k ap fèt pou devlope Boukankare, yon ansyen seksyon. Gen yon pwojè wout pou antre Sodo, yon lokalite ki louvri sou Akayè ak Titanyen. Donk Mibalè vin pi santre toujou. Avèk wout Mibalè ki fèt la, mwen konsidere Mibalè tankou yon lakou nan Kwadèboukè».Prensipal pwodiksyon Mibalè se mango fransik, men li fè tou bannann, pwa, diri, pitimi, mayi, patat elatriye. Se nan antre Mibalè lak atifisyèl pelig ki bay kouran nan Pòtoprens twouve l. Ri nan Mibalè yo trè byen trase, dayè se yon vil kolonyal. Nan wout anndan kou deyò, non ri yo make. Gen 2 simityè nan vil la, youn nan chak seksyon kominal. Gen plizyè relijyon: katolik, pwotestan, vodouyizan. Men gen plis pwotestan, selon premye sitwayen vil la. Gen plizyè gagè k ap fonksyone yon fwa pa semèn. Yon trantèn enstitisyon eskolè ap asire levasyon pitit tè Mibalè. Gen lekòl primè, Segondè ak 2 anèks Inivèsite ki nan Pòtoprens. Prezans Leta Anplis lameri, nou jwenn nan Mibalè yon tribinal lapè, yon pakè, yon dirèksyon jeneral enpo (DGI), yon komisarya lapolis, yon dirèksyon depatmantal EDH, yon reprezantasyon ministè TPTC, yon Bon Nouvèl Jen 2009 7

Spesyal diskou prezidan an

Gen lòt sektè ki kapab kreye richès, ki kapab pèmèt nou ranfòse endepandans ekonomik

nou. Youn ladan yo se touris. Touris lokal la kòmanse avèk sekirite a. Anpil moun nanpeyi

a al an pwovens kouliyeya. Anpil Ayisyen k ap viv lòtbò dlo anvi tounen lakay yo pou fèt

patronal, vin fè vakans.

Se yon aktivite ki ka pote kòb anndan peyi a. Avèk sekirite a ki retounen, wout k ap fèt, nou

kòmanse wè aktivite touris swa lokal, swa dyaspora kòmanse pran jarèt. Nan wout k ap fèt jounen

jodiya, nou kapab site pa ekzanp:

- Wout Sid la ki soti Pòtoprens depase Okay, rive Pòsali e k ap kontinye;

- Wout Platosantral ki rive Mibalè , y ap travay kouliye a sou wout Mibalè-Ench, nou gen

tan jwenn finansman pou Ench-Okap la;

- Wout Okay-Jeremi an pral kòmanse nan mwa jiyè k ap vini la a;

- Wout Nasyonal Nº1 an ap refèt, fòk nou jwenn resous pou nou fè Senmak jis Okap;

- Pou nou chèche resous tou pou n fè wout Gwomòn-Pòdpè;

- Epi wout Miragwàn-Titwoudenip.

Wout sa yo ap koute anpil kòb. Men annatandan, CNE ki remete kanpe kòmanse bay gwo bourad

nan fè wout, kanal irigasyon, pwoteje tè peyizan kont inondasyon.

Pou tout devlopman sa yo fèt, fòk gen kouran anndan peyi a. Leta fè efò mete plis pase 60 megawat

kouran anplis nan peyi a. Nou wè sa nan Pòtoprens, nou wè sa Okap, nou wè sa Gonayiv, nou wè

sa Okay. Men, gen yon lòd ki pou mete nan zafè kouran an. Leta pa ka kontinye ap pwodui

kouran pi chè pase jan l ap vann kouran an. EDH pa ka kontinye pa touche plis pase 50% kouran

li pwodwi a. EDH jwenn yon sibvansyon plis pase 100 milyon dola nan men leta ayisyen. Fòk nou

met yon lòd pou nou kapab rekipere 100 milyon dola sa a. Ak 100 milyon dola sa a nou ka fè lekòl,

nou ka fè sant sante, nou ka fè wout, san nou pa nan tanpri souple.

Fòk nou met lòd, fòk nou serye, E, se nan met lòd nan jesyon finansyè peyi a, kominote

entènasyonal la, enstitisyon finansyè avèk peyi etranje nou te dwe, nan mwa jiyè k ap vin la a, ap

efase dèt Ayiti pou plis pase yon milya dola, paske nou gen lòd. Efasman dèt sa a ap fè gen plis

pase 50 milyon dola Ayiti pap peye ankò pou dèt li. 100 milyon EDH, 50 milyon dola dèt nou pap

peye paske nou serye, se yon ekzanp sa nou kapab fè pou nou pa nan tanpri souple ankò.

Pèp Ayisyen, nan selebrasyon fèt drapo nou an, nou pap kapab ap sonje sèlman sa k te pase

lontan. Se vre, nou fyè anpil pou kouraj ak volonte zansèt nou yo te genyen, pou viktwa san parèy

sa a yo te ranpòte a. Men tou, fòk nou sèvi ak egzanp yo ban nou an, pou nou chèche chemen k ap

pèmèt nou soti nan sitiyasyon kote nou pa genyen ase endepandans ekonomik.

Nou deja sou wout la, jan m sot di sa. Ilsifi nou kontinye chita pale antre nou, ilsifi nou fè efò pou

estabilite sa a, sekirite sa a nou kenbe l, nan bay travay, nan mete wout, nan bay elektrisite, nan

mete plis lòd toujou nan jan Leta ap depanse lajan. Fòk nou fè efò tou pou gen kontinyite. Fòk

nou fè efò pou CNE pa kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt CNE; pou Sèvis Plis pa

kraze jan l te kraze a, kote nou oblije achte yon lòt Sèvis Plis. Fòk nou fè efò pou wout n ap konstwi

yo, pou nou kenbe yo, fè antretyen yo tout tan pou se pa toujou rekòmanse chak ane.

Jodi a, Pèp Ayisyen, pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay endepandans ekonomik peyi

nou an tout chans li. Pou nou bay fèt drapo a tout sans li, fòk nou bay batay pou devlopman

ekonomik peyi a tout chans li, nan chita pale, nan dyalòg.

Mwen di nou mèsi anpil.

6 Bon Nouvèl Jen 2009

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!