layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010 layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

bonnouvel.org
from bonnouvel.org More from this publisher
05.05.2015 Views

Paj pou jèn yo (Desir Renold), Chal Newostèn (Charles Nerostène) nan jaden touprè Karata zòn fwontyè blòk Ti lori. Dominiken yo fin koupe zòrèy 3 ayisyen sa yo, anplis yo te dekwele yo ak divès kout pik, kout kouto nan do yo, nan dèyè ak nan lestomak yo. Jounen mondyal refijye a ane sa a ta dwe vini avèk anpil refleksyon ak desizyon byen djanm nan peyi d ayiti tankou nan paeyi repiblik dominikèn sou sitiyasyon migran yo nan chak bò fwontyè a ki separe lil la. 26 jen 2009: Jounen mondyal lit kont dwòg. Yon dat ki mande anpil deba sou fleyo sa k ap depafini ak sosyete nou an. Dat 26 jen an, jan tout moun konnen l, se dat ki pote mak jounen mondyal lit kont dwòg. Se òganizasyon nasyonzini an (ONU) ki te adopte dat sila nan lane 1987 nan peyi Meksik ak patisipasyon 137 peyi manm. Depi lè sa, divès peyi sou latè beni ap kole zepòl pou fè fas kare ak fenomèn dwòg la ki, limenm ak sida, reprezante 2 pi gwo flewo pou avni jèn yo, kidonk pou tout moun k ap viv sou latè. An Ayiti demach pou lite kont dwòg la pafè yon pa nago yon pa kita, tousenpleman paske anpil moun nan peyi a pa bay inisyativ sa a pote gaz pou yo. Fenomèn dwòg la bay anpil traka nan peyi d Ayiti tankou nan lòt peyi. Jounen jodiya, an Frans preske 60% moun ki pran dwòg trape yon maladi yo rele epatit C. 180 milyon moun sou tè a trape maladi sila a. Papa Nan ren ou mwen soti Nan venn ou m sikile M glise M fofile M chape Ou montre m di Ba Fè premye pa Fè premye ba Se dwòg ki bay maladi sa pi fasil. Nan lane 80 yo, ann Ayiti, moun ki te konn pran dwòg te konn pran l pa okazyon e se te gwo zotobre nan lame ki te gen monopòl trafik dwòg la. Jounen jodiya flewo dwòg la antre nan nannan sosyete a jouk li tounen yon gangrèn, kidonk yon maleng. Nan mwa d me 2002 gouvènman ayisyen an te mete sou pye komisyon nasyonal lit kont dwòg (CONALD) pou kontwole tout sa k gen arevwa ak dwòg isit nan peyi a. anvan kreyasyon komisyon sila a, se te kèk enstitisyon nan sektè prive a tankou Asosyasyon pou prevansyon kont alkòl al lòt akoutimans chimik (APAAC) ki te enterese bay moun ki pran dwòg laswenyay. Yon rechèch fè konnen ti moun nan lari yo ak elèv nan kèk lekòl nan Ou sinifi fòs fanmi Nan diksyonè kreyòl Ou gonfle venn Ou trase kata Anba tivant lavi zòn metropolitèn nan konsome dwòg litlit depi nan laj 14 zan. E gen moun ki vann dwòg tankou marigwana, krak, kokayin arebò lekòl sa yo. Jèn yo pran dwòg pou plizyè rezon. Genyen ki konsome dwòg pou yo pa panse ak pwoblèm lavi. Gen lòt menm ki pran l se pou plezi. Epi se konsa, sa y ap chache nan dwòg la fè yo pran l pi souvan e pouse yo al fè nenpòt zak pou yo jwenn dwòg. Boutpoubout, jèn sa yo vin gen yon konpòtman ki deranje yon pa moun k ap viv nan antouray yo e yon lot pa tout sosyete a. Pami tout danje dwòg ka lakòz, simaye viris sida se youn. Menm jan ak premye desanm ki se yon dat konsakre ak sida, dat 26 jen an ta dwe yon dat pou gwo levekanpe nan tout peyi a pou reveye konsyans plis moun sou fenomèn dwòg la. Getro Bernabe Chwal neglije Ou se poto mitan Mitan fouye dife Ou se rasin pivo Mayestwo nan òkès fanmi Ayibobo pou tout papa !!! 12 Bon Nouvèl Jen 2009

Paj jèn yo Se pa dan k ap griyen Nan peyi Dominikani yon jèn Ayisyen k al chache lavi k al fè 2 kout tiwèl pou 2 peso mouri kou yon poul 20 lane Kalo Merilus te gen 20 lane Se pa dan k ap griyen se tèt k ap koupe ak rach se pa tèt kochon se tèt Ayisyen ti moun ap fè foto granmoun ap aplodi tout sa, gwo lajounen nan yon kapital lougawou nan Santo Domingo Tout sa deske lakay tounen yon lanfè pou malere lakay tounen yon savann san dirijan sou bitasyon an pa gen lekòl pa gen travay grangou a rèd Nan banbòch dezespwa nou janbe anba fil pou n al bouske lavi Kay vwazen nou se mò an vakans men ki lanmò pou n chwazi? lanmò grangou klowòks dezespwa lakay oswa lanmò tèt koupe , tèt rache an Dominikani? Toudejan nou pran ret zonbi lakay etan gwo zotobre ap gagote richès peyi nou egal asid batri dezespwa garanti janbe fwontyè Dominikani pou al bouske lavi se al pote fal nou bay yon kolonn lougawou ki mande bwè san Ayisyen gwo lajounen Anverite nou bezwen yon peyi nouvo kote nan chak seksyon sou chak bitasyon gen lekòl, gen travay gen manje, jistis ak sekirite peyizan bezwen tè pou l travay Anverite Ayiti an danje Li twò ta pou n pran kaka poul pou bè Sitiyasyon an twò grav pou n pran nan bèl pawòl Gade m nan je ma gade w nan je, wayan ! nou pa bezwen yon leta delala tèt anba nou pa bezwen yon lelit tilolit ki se kòkòt ak figawo ak rasis Dominiken k ap rache masakre frè n ak sè n nan batey k ap souse san yo nan zòn franch Nou bouke ak politisyen popetwèl malpouwont k ap gagote kès pansyonè ONA k ap gagote bidjè peyi a an ijans nou pa deside kontinye vire won sou chimen dezespwa Men eske pa gen lòt chimen nou ka pran? Eske lè a pa rive pou n mache kontre pou n rebati Ayiti ? Nou bezwen yon Leta k ap bay sèvis Yon Leta ki ka defann tout sitwayen Ayisyen Nou pa bezwen anbasadè ki konn ap fè koutay nan anbochay Nou bouke pran imilyasyon kay vwazen Nou bezwen yon peyi kote tout Ayisyen, tout Ayisyèn ka viv nan Diyite Atansyon pa kapon Dezyèm Masak la deja kòmanse sou Pèp Ayisyen an Grangou klowòks dezespwa andedan tèt rache an Dominikani se yon sistèm mafya lougawou nasyonal entènasyonal ki ap opere yon pè zo byen monte Aba tout kriminèl ki ap bwè san Pèp Ayisyen lakay Aba tout politik rasis ki ap ankouraje kriminèl dominiken fè san frè nou ak sè nou koule Sitwayen Ayisyen, fanm kou gason An nou pran Responsabilite nou Nanpwen fè bak ankò Se pa dan k ap griyen Se tèt k ap rache Eske nou tande ? Se tèt Ayisyen parèy nou k ap koupe ak rach gwo midi nan Santo Domengo al pran imilyasyon kay Dominiken sa fè 205 lane mezanmi , 205 lane Twòp se twòp atò Sonje se pa dan k ap griyen Se tèt k ap koupe Aba esklavaj lakay Aba esklavaj an Dominikani Libète ou lanmò 8 me 2009 Stephen William PHELPS Tèks sa a te li devan palè nasyonal bò 2 zè nan apremidi, nan finisman mach pwotestasyon GARR ak POHDH te òganize pou pwoteste kont egzekisyon «barbare» konpatriyòt nou, frè nou Kalòs Nerilis (20 lane) yon seri Dominiken te fè jou ki te 2 me 2009 la nan Santo Domengo. Bon Nouvèl Jen 2009 13

Paj pou jèn yo

(Desir Renold), Chal Newostèn

(Charles Nerostène) nan jaden

touprè Karata zòn fwontyè blòk Ti

lori. Dominiken yo fin koupe zòrèy

3 ayisyen sa yo, anplis yo te

dekwele yo ak divès kout pik, kout

kouto nan do yo, nan dèyè ak nan

lestomak yo.

Jounen mondyal refijye a ane sa a

ta dwe vini avèk anpil refleksyon

ak desizyon byen djanm nan peyi d

ayiti tankou nan paeyi repiblik

dominikèn sou sitiyasyon migran yo

nan chak bò fwontyè a ki separe lil

la.

26 jen 2009: Jounen mondyal lit kont dwòg. Yon dat ki mande anpil deba sou

fleyo sa k ap depafini ak sosyete nou an.

Dat 26 jen an, jan tout moun konnen

l, se dat ki pote mak jounen

mondyal lit kont dwòg. Se

òganizasyon nasyonzini an (ONU)

ki te adopte dat sila nan lane 1987

nan peyi Meksik ak patisipasyon

137 peyi manm.

Depi lè sa, divès peyi sou latè beni

ap kole zepòl pou fè fas kare ak

fenomèn dwòg la ki, limenm ak

sida, reprezante 2 pi gwo flewo pou

avni jèn yo, kidonk pou tout moun

k ap viv sou latè.

An Ayiti demach pou lite kont dwòg

la pafè yon pa nago yon pa kita,

tousenpleman paske anpil moun nan

peyi a pa bay inisyativ sa a pote gaz

pou yo.

Fenomèn dwòg la bay anpil traka

nan peyi d Ayiti tankou nan lòt peyi.

Jounen jodiya, an Frans preske 60%

moun ki pran dwòg trape yon

maladi yo rele epatit C. 180 milyon

moun sou tè a trape maladi sila a.

Papa

Nan ren ou mwen soti

Nan venn ou m sikile

M glise

M fofile

M chape

Ou montre m di Ba

Fè premye pa

Fè premye ba

Se dwòg ki bay maladi sa pi fasil.

Nan lane 80 yo, ann Ayiti, moun ki

te konn pran dwòg te konn pran l

pa okazyon e se te gwo zotobre nan

lame ki te gen monopòl trafik

dwòg la. Jounen jodiya flewo dwòg

la antre nan nannan sosyete a jouk

li tounen yon gangrèn, kidonk yon

maleng.

Nan mwa d me 2002 gouvènman

ayisyen an te mete sou pye

komisyon nasyonal lit kont dwòg

(CONALD) pou kontwole tout sa

k gen arevwa ak dwòg isit nan peyi

a. anvan kreyasyon komisyon sila

a, se te kèk enstitisyon nan sektè

prive a tankou Asosyasyon pou

prevansyon kont alkòl al lòt

akoutimans chimik (APAAC) ki te

enterese bay moun ki pran dwòg

laswenyay.

Yon rechèch fè konnen ti moun nan

lari yo ak elèv nan kèk lekòl nan

Ou sinifi fòs fanmi

Nan diksyonè kreyòl

Ou gonfle venn

Ou trase kata

Anba tivant lavi

zòn metropolitèn nan konsome

dwòg litlit depi nan laj 14 zan. E gen

moun ki vann dwòg tankou

marigwana, krak, kokayin arebò

lekòl sa yo.

Jèn yo pran dwòg pou plizyè rezon.

Genyen ki konsome dwòg pou yo

pa panse ak pwoblèm lavi. Gen lòt

menm ki pran l se pou plezi. Epi se

konsa, sa y ap chache nan dwòg la fè

yo pran l pi souvan e pouse yo al fè

nenpòt zak pou yo jwenn dwòg.

Boutpoubout, jèn sa yo vin gen yon

konpòtman ki deranje yon pa moun

k ap viv nan antouray yo e yon lot pa

tout sosyete a.

Pami tout danje dwòg ka lakòz,

simaye viris sida se youn. Menm jan

ak premye desanm ki se yon dat

konsakre ak sida, dat 26 jen an ta

dwe yon dat pou gwo levekanpe nan

tout peyi a pou reveye konsyans plis

moun sou fenomèn dwòg la.

Getro Bernabe

Chwal neglije

Ou se poto mitan

Mitan fouye dife

Ou se rasin pivo

Mayestwo nan òkès

fanmi

Ayibobo pou tout papa !!!

12 Bon Nouvèl Jen 2009

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!