layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010 layout jen 2009 - Bon Nouvèl 1967 – 2010

bonnouvel.org
from bonnouvel.org More from this publisher
05.05.2015 Views

Paj pou jèn yo TRIYO DÒZÈL : Yon fòmasyon mizikal ki vle fè diferans Soti nan Mis Videyomaks nan lane 2005, pase nan konkou Chante Nwèl Telemaks nan menm ane a pou rive nan mizik Melomanya a ki soti nan ane 2009 sa a, Triyo Dòzèl yon nouvèl fòmasyon mizikal, vle fè diferans nan chante ak jwe yon pakèt mòd mizik. Nesans ak fòmasyon gwoup la Triyo Dòzèl se yon jèn fòmasyon mizikal, ki pran nesans li nan lane 2005 gras avèk patisipasyon li nan Mis Videyomaks answit nan konkou chante nwèl Telemaks ki te òganize nan menm ane sa a kote li te pami senk (5) finalis yo. Gwoup sila a genyen ladan l twa frè menm manman menm papa ki se lafanmi Dòzilma (Dorzilma), e se nan siyati fanmi an Dòzel la soti. E kòm se twa frè nou vin jwenn non Triyo Dòzèl la. Evennsi (Evency), se premye nan frè yo, li gen 27 lane e li se yon polisye ki reskonsab relasyon kominotè nan polis nasyonal la. Dezyèm nan se Ribenns (Rubens) li gen 25 lane, li se yon etidyan nan kominikasyon. Denyè frè a se Wensli li gen 22 lane epi li se yon elèv nan klas tèminal. Twa mesye sa yo gen yon bon edikasyon mizikal ki makonnen ak estil klasik yo, e yo tout gen pasyon pou mizik. Wensli li gen 22 lane epi li se yon elèv nan klas tèminal. Twa mesye sa yo gen yon bon edikasyon mizikal ki makonnen ak estil klasik yo, e yo tout gen pasyon pou mizik. Estil mizikal Triyo Dòzèl Nan yon entèvyou Evennsi te bay Jounal la lendi ki te 4 me 2009 la, fè konprann Triyo a se yon gwoup ki jwe tout kalite mizik, yo pa gen yon estil espesyal yo jwe. Nan triyo Dòzèl nou jwe wòk, opera, blouz, dennsòl, awenbi, rege elatriye. Se sa Evennsi te fè konprann. Premye nan frè yo te fè nou konprann yo pa tèlman jwe konpa men yo gen yon mizik ki gen pasay konpa ladan l e ki ap sou albòm yo ki deja an preparasyon. Melomanya yon bèl reyalizasyon Depi anviwon twa mwa Melomanya, premye mizik (test presign) Triyo Dòzèl reyalize deja ap woule nan estasyon radyo ak chèn televizyon. Otè bèl konpozisyon sa a se Evennsi. Melomanya se yon Omaj ak tout moun ki renmen mizik, se fason pa nou pou nou onore yo. Se konsa Evennsi te ap pale bay yon jounalis Bon Nouvèl. Mizik sila a jwe nan estil wòk e li te reyalize gras ak sipò plizyè mizisyen ki soti nan ENARTS (Ecole nationale des arts / lekòl nasyonal atis yo) ak Sentrinite. Otè Melomanya a ajoute pou fè konnen mizik sila se yon egzèsis vokal, ki vle di, youn nan objektif konpositè a se ofri ak tou moun ki ap aprann chante yon mizik modèl ki kapab ede yo amelyore kapasite vokal yo. Mizik sila a tèlman gen siksè, gwoup la te twouve l nesesè pou l te reyalize yon konsè nan lekòl Mari Estè (Marie Esther) jounen samdi ki te 25 avril la, ki te pote mak fabrik Melomanya a. Tout moun te felisite nou, yo reyalize gwoup la gen yon bèl jwèt ansanm. Sa fè yo plezi pou yo wè Ayiti gen gwoup Senkwonize konsa. Se sa Evennsi te fè konprann. Chantè prensipal melomanya a pa t kache satisfaksyon l pou bèl nòt yo bay mizisyen li yo e pou piblik ki te deplase an mas vin sipòte Triyo a. Pwojè Triyo Dozèl yo anpil, men sa ki pi pwòch yo se ta soti premye albòm gwoup la pandan gran vakans la. Rèv gwoup la pou ane sila a se jwenn plas revelasyon ane 2009 la. N ap travay pou nou ka tou soti revelasyon pou ane 2009 la. Se sa Evennsi te fè konnen nan entèvyou li te bay Jounal la. Atis la nan ekspresyon figi li fe santi ogèy li pou rive reyalize rèv sa a. Toutfwa nou konnen nan jan mizik ayisyen an prale la, Triyo Dòzèl pral bezwen mete plis zèl pou jwenn plas revelasyon ane 2009 sa a. Pitèsonn PÒL (Peterson PAUL) 10 Bon Nouvèl . Jen 2009

Paj pou jèn yo Ki pwoteksyon pou refijye ayisyen yo? 20 Jen 2009 se jounen mondyal refije yo. Kantite refijye ki gen nan mond lan pa bouke kwaze kalfou. Nan lane 2007, ajans nasyonzini pou refijye yo fè konnen depi 2002 te gen plis pase 10 milyon refijye sou latèbeni. Kretyenvivan toupatou sou latè k ap pati kite peyi yo pou y al chache lavi miyò yon lòt kote pa sispann ogmante. Se konsa, jounen jodiya gen preske 3 milyon ayisyen k ap viv deyò peyi a e yo gaye kò yo nan tout rakwen sou latè. Prensipal peyi yo ale se Etazini, Kanada, Repiblik Dominikèn ak lòt peyi ki pi prè zile a. Vag krazerak sa a te kòmanse nan peyi d Ayiti lapoula aprè Franswa Divalye ki te gen ti non Papa Dòk te fin pran pouvwa a an 1957. Nan kòmansman refijye ayisyen se te moun ki te konn egzile tèt yo pou chape poul yo anba rejim Divalye a. Lè sa pifò nan yo se te refijye politik. Depi kèk tan, pwoblèm politik mele ak chomaj,ensekirite, yon espwa pou yon lavi miyò ak yon chans pou tabli yon veritab lapè nan vi yo se kèk nan koz ki pouse ayisyen kite peyi a pa bann pa pakèt, malgre gen kèk kote sitiyasyon an imilyan pou yo. Gwoup pou apiye rapatriye ak refijye yo (GARR), nan rapò anyèl 2007 li a sou sitiyasyon dwa moun nan mond lan, te fè panse ak kalvè refijye ayisyen ap monte nan peyi tankou Kanada, Etazini, Repiblik Dominikèn elatriye. Daprè rapò a nan kad refijye ayisyen , ak ayisyen k ap mande azil yo, peyi Kanada, Repiblik Dominikèn ak lòt peyi k nan Karayib la pa ba yo okenn pwoteksyon kòm sadwa nan sa ki gen pou wè ak prensip non refoulman an (nonrefoulement) oubyen prensip ‘’pa voye tounen an’’. Konvansyon 1951 an ak pwotokòl 1967 sou estati refijye yo ba yo yon latriye dwa tankou : dwa pou yo jwenn pwoteksyon, dwa pou yo pa voye yo tounen (non refoulement), dwa libète pou yo sikile, dwa pou yo jwenn ledikasyon, dwa pou yo vwayaje, dwa pou yo travay… Konvansyon sila a kondane tout aksyon ki gen tandans pase dwa sa yo anba pye. Se konsa òganizasyon pou defans refijye yo ‘’Refugees international’’ (RI) ak sèvis literyen imigrasyon ak refijye (LIRS) te mande, an janvye 2007, Repiblik Dominikèn ak Ayiti pou yo mete sou pye yon politik migratwa byen djanm ak yon sistèm efikas pou bay dwa pou azil. Yo te ankouraje tou komisarya pou refijye a (le haut commissariat pour les refugiés/ HCR) pou l mete sou zile a yon biwo ki va konseye gouvènman yo sou estati refijye ak moun k ap mande azil yo; e biwo sa a ta va fè respekte dwa moun refijye ayisyen sila yo. Tousa se te you mannyè pou mete yon fren ak sitiyasyon malouk ayisyen ap viv nan repiblik dominikèn. Yon vi san pwoteksyon materyèl, sosyal ak jiridik. Soti nan mwa d janvye ane 2009 sa a pou rive nan me k sot pase a, plis pase 26 ka vyolans grav fèt sou migran ayisyen nan repiblik dominikèn. Vyolans pèsekisyon tanmen pou pi rèd nan degonn ayisyen nan dominikani, peyi vwazen an. Jou ki te 2 me 2009 la yon gwoup dominiken koupe tèt yon jenn ayisyen, Kalòs Nerilis (Carlos Nérilus) ak yon sèl kout rach. Zak sila a te fèt nan mitan 2 grenn je yon bann espektatè nan lari bwenòsayilès (Buenos Aires) zòn lwès Santodomengo, kapital dominikani. «Nan moman yo t ap koupe tèt Kalòs Nerilis la, gwo aplodisman te fè mikalaw. Anba yon sèl kout rach tèt Kalòs Nerilis te vòltije. Timoun kon granmoun te itilize selilè yo pou yo te fime tèt jenn ayisyen an ki t ap woule sou plizyè met distans ». Selon ajans près ayisyèn nan (AHP). Anvan yo te koupe tèt Kalòs Nerilis, yo te desonnen l, maspinen l pandan yon bann tan san lapolis dominikèn pa t rive met pye. 11 me 2009, kidonk 9 jou aprè dominiken te fin koupe tèt Kalòs Nerilis, yon lòt gwoup dominken te pase pran zòrèy 3 jenn ayisyen ki te nan travay latè: Elijèn Egzavye (Eligèn Exavier), Dezi Renòl Bon Nouvèl Jen 2009 11

Paj pou jèn yo

TRIYO DÒZÈL : Yon fòmasyon mizikal ki vle fè diferans

Soti nan Mis Videyomaks nan

lane 2005, pase nan konkou

Chante Nwèl Telemaks nan menm

ane a pou rive nan mizik

Melomanya a ki soti nan ane

2009 sa a, Triyo Dòzèl yon

nouvèl fòmasyon mizikal, vle fè

diferans nan chante ak jwe yon

pakèt mòd mizik.

Nesans ak fòmasyon gwoup la

Triyo Dòzèl se yon jèn fòmasyon

mizikal, ki pran nesans li nan lane

2005 gras avèk patisipasyon li nan

Mis Videyomaks answit nan

konkou chante nwèl Telemaks ki te

òganize nan menm ane sa a kote li

te pami senk (5) finalis yo. Gwoup

sila a genyen ladan l twa frè menm

manman menm papa ki se lafanmi

Dòzilma (Dorzilma), e se nan siyati

fanmi an Dòzel la soti. E kòm se

twa frè nou vin jwenn non Triyo

Dòzèl la.

Evennsi (Evency), se premye nan

frè yo, li gen 27 lane e li se yon

polisye ki reskonsab relasyon

kominotè nan polis nasyonal la.

Dezyèm nan se Ribenns (Rubens)

li gen 25 lane, li se yon etidyan nan

kominikasyon. Denyè frè a se

Wensli li gen 22 lane epi li se yon

elèv nan klas tèminal. Twa mesye

sa yo gen yon bon edikasyon

mizikal ki makonnen ak estil klasik

yo, e yo tout gen pasyon pou mizik.

Wensli li gen 22 lane epi li se yon

elèv nan klas tèminal. Twa mesye

sa yo gen yon bon edikasyon

mizikal ki makonnen ak estil klasik

yo, e yo tout gen pasyon pou mizik.

Estil mizikal Triyo Dòzèl

Nan yon entèvyou Evennsi te bay

Jounal la lendi ki te 4 me 2009 la,

fè konprann Triyo a se yon gwoup

ki jwe tout kalite mizik, yo pa gen

yon estil espesyal yo jwe. Nan triyo

Dòzèl nou jwe wòk, opera, blouz,

dennsòl, awenbi, rege elatriye. Se

sa Evennsi te fè konprann. Premye

nan frè yo te fè nou konprann yo

pa tèlman jwe konpa men yo gen

yon mizik ki gen pasay konpa ladan

l e ki ap sou albòm yo ki deja an

preparasyon.

Melomanya yon bèl reyalizasyon

Depi anviwon twa mwa

Melomanya, premye mizik (test

presign) Triyo Dòzèl reyalize deja

ap woule nan estasyon radyo ak

chèn televizyon. Otè bèl

konpozisyon sa a se Evennsi.

Melomanya se yon Omaj ak tout

moun ki renmen mizik, se fason

pa nou pou nou onore yo. Se

konsa Evennsi te ap pale bay yon

jounalis Bon Nouvèl. Mizik sila a

jwe nan estil wòk e li te reyalize

gras ak sipò plizyè mizisyen ki soti

nan ENARTS (Ecole nationale des

arts / lekòl nasyonal atis yo) ak

Sentrinite. Otè Melomanya a

ajoute pou fè konnen mizik sila se

yon egzèsis vokal, ki vle di, youn

nan objektif konpositè a se ofri ak

tou moun ki ap aprann chante yon

mizik modèl ki kapab ede yo

amelyore kapasite vokal yo. Mizik

sila a tèlman gen siksè, gwoup la

te twouve l nesesè pou l te reyalize

yon konsè nan lekòl Mari Estè

(Marie Esther) jounen samdi ki te

25 avril la, ki te pote mak fabrik

Melomanya a. Tout moun te

felisite nou, yo reyalize gwoup la

gen yon bèl jwèt ansanm. Sa fè

yo plezi pou yo wè Ayiti gen

gwoup Senkwonize konsa. Se sa

Evennsi te fè konprann. Chantè

prensipal melomanya a pa t kache

satisfaksyon l pou bèl nòt yo bay

mizisyen li yo e pou piblik ki te

deplase an mas vin sipòte Triyo a.

Pwojè Triyo Dozèl yo anpil, men

sa ki pi pwòch yo se ta soti premye

albòm gwoup la pandan gran vakans

la. Rèv gwoup la pou ane sila a se

jwenn plas revelasyon ane 2009 la.

N ap travay pou nou ka tou soti

revelasyon pou ane 2009 la. Se

sa Evennsi te fè konnen nan

entèvyou li te bay Jounal la. Atis la

nan ekspresyon figi li fe santi ogèy

li pou rive reyalize rèv sa a.

Toutfwa nou konnen nan jan mizik

ayisyen an prale la, Triyo Dòzèl

pral bezwen mete plis zèl pou

jwenn plas revelasyon ane 2009 sa

a.

Pitèsonn PÒL (Peterson PAUL)

10 Bon Nouvèl . Jen 2009

Hooray! Your file is uploaded and ready to be published.

Saved successfully!

Ooh no, something went wrong!